GID REZIDAN Dekouvri Palm Beaches ... Pi Bon nan Tout Bagay  ADRÈS BIWO KOLÈKTÈ TAKS AK EVALYATÈ PWOPRIYETE Remak: Yo vann sunpasses yo tout kote. SÈVIS DISPONIB* Pèmi Kondui Taks Biznis Anrejistreman Veyikil ak bato Lisans Lachas & Lapèch Tès Kondui sou wout Taks Devlopman Touris Sant Sèvis Egzanpsyon Anprent Dijital Materyèl Taks Pwopriyete Danjere BELLE GLADE Sant Sèvis Belle Glade 2976 State Road 15, Belle Glade 33430 Evalyatè Pwopriyete: 996-4890 Pèseptè Kontribisyon: 355-2264 DELRAY BEACH Pèseptè Kontribisyon - Sant Sèvis Konte Sid 501 S. Congress Avenue, Delray Beach 33445 Pèseptè Kontribisyon: 355-2264 Evalyatè Pwopriyete - Sant Sèvis Konte Sid 14925 Cumberland Drive, Delray Beach 33446 Evalyatè Pwopriyete: 276-1250 GREENACRES Sant Sèvis Santral Palm Beach 4215 S. Military Trail, Lake Worth 33463 Pèseptè Kontribisyon: 355-2264 PALM BEACH GARDENS Sant Sèvis Konte Nò 3188 PGA Boulevard, Palm Beach Gardens 33410 Evalyatè Pwopriyete: 624-6521 Pèseptè Kontribisyon: 355-2264 ROYAL PALM BEACH Sant Sèvis Mid West Konte 200 Civic Center Way, Suite 200, Royal Palm Beach 33411 Evalyatè Pwopriyete: 784-1220 WESTLAKE Sant Sèvis Westlake 1660 Town Center Parkway South, Westlake 33470 Pèseptè Kontribisyon: 355-2264 WEST PALM BEACH Robert Weisman Sant Gouvènmantal Konte Palm Beach 301 N. Olive Avenue, West Palm Beach 33401 Evalyatè Pwopriyete: 355-2866 Pèseptè Kontribisyon: 355-2264 Pou plis enfòmasyon, vizite pbcgov.com/papa ak pbctax.com. *Sèvis Pèseptè taks yo ofri nan lokal ki endike yo ka chanje nan nenpòt ki lè. Remak: Eksepte kote sa endike, tout nimewo telefòn nan piblikasyon sa a twouve yo nan kòd rejyonal 561 an.  TAB MATYÈ YO ENTWODIKSYON ................................................ 2 SALITASYON ...................................................... 2 GOUVÈNMAN .................................................... 3 KOMISYON SOU ETIK .......................................... 4 ENSPEKTÈ JENERAL............................................. 4 FÈ BIZNIS ........................................ 4 Lisans biznis .................................................. 4 Pèmi Pakin pou Andikape ................................ 4 Pèmi kondui/Anrejistreman veyikil ak bato ......... 4 Edikasyon ...................................................... 5 Swen Sante .................................................... 5 Amenajman Peyizaje ....................................... 5 Bèt Domestik .................................................. 6 Transpò Piblik ................................................ 7 Sekirite Sosyal ............................................... 7 Taks .............................................................. 7 Ramasaj fatra/Resiklaj ..................................... 8 Sèvis piblik/Telefòn/Kab Televizyon ................... 8 Enskripsyon Elektè ......................................... 8 KONEKTE W ........................................... 8 AlertPBC ....................................................... 8 Zafè Konsomatè ............................................. 9 Anplwa .......................................................... 9 Lwazi/Atraksyon Touristik ................................ 9 Bibliyotèk ...................................................... 9 Lanati/Sit Resif ............................................... 9 Gid Sèvis Konte Palm Beach ............................ 9 Pak yo/Pisin yo/Plaj yo .................................. 10 Televizyon PBC Chèn 20 ................................ 10 Piblikasyon .................................................. 10 Sèvis Pou Moun Aje ak Veteran ....................... 10 Opòtinite volontè ......................................... 10 Sit Entènèt .................................................. 10 RESTRIKSYON DLO ........................................... 11 SIKLÒN ........................................................... 11 NIMEWO TELEFÒN ITIL ..................................... 11 LOPITAL .......................................................... 12 RESOUS POU AKSESIBILITE ........ andedan dènye paj la 1 ENTWODIKSYON Kit ou nouvo nan konte Palm Beach oswa ou tap viv la depi plizyè lane, bwochi sa a ka ede ou ak defi ke wap rankontre chak jou tankou jwenn yon pèmi pakin pou andikape, pran klas lannwit oswa enskri pou vote. Ou pral jwenn enfòmasyon pou ede ou konekte ak kominote ou tankou pak ki nan konte a, bibliyotèk yo ak enstalasyon akwatik ki nan tout konte Palm Beach la. Bwochi sa a bay lis tout lopital nan konte Palm Beach la ki genyen chanm ijans 24 sou 24 ak tout bilding administratif gouvènman konte a. Gid sa a ka ede ou fè biznis ou pi rapid, kidonk ou ka gen plis tan pou jwi tout sa ke konte Palm Beach la gen pou l ofri. Konte Palm beach gen 76 kilomèt litoral lanmè pitorèsk. SALITASYON DE KONTE PALM BEACH Konte Palm Beach gen yon bagay pou tout moun. Tanperati mwayèn li se 78 degre; 76 kilomèt llitoral lanmè li yo gen anpil plaj piblik; epi chenn peyizaj li yo soti depi nan zòn ibèn yo jiska zòn agrikòl marekaj natirèl yo. Nan Konte Palm Beach la, gen apeprè 160 teren gòlf piblik ak prive, dè santèn de teren tenis, plizyè douzèn pak, pak akwatik, waf pou bato, ak sit pou plonje, atraksyon kiltirèl ak istorik, bibliyotèk rejyonal, pwogram edikasyon pou granmoun, dè santèn de legliz, ak plizyè douzèn lekòl, kolèj ak inivèsite, lopital ak magazen/sant amizman. Sèvis gouvènman Konte Palm Beach la gen ladan: • lojman aksesib pou mendèv • ayewopò • swen ak kontwòl bèt • zafè konsomatè • ekstansyon koperativ • ekonomi dirab • jesyon ijans • jeni • jesyon resous anviwònman • ponpye • resous pou san zabri • lapolis • pwogram migran • pak ak lwazi 2  •..planifikasyon/repatisyon.an.zòn/bilding • zòn natirèl pwoteje • demand dosye piblik • transpò piblik • wout ak pon • sèvis pou granmoun aje • drenaj dlo lapli • devlopman touristik • sèvis pou veteran • sèvis viktim • ramasaj fatra • sèvis piblik dlo ak tou rego • sèvis pou lajenès ak fanmi Konte Palm Beach la jewografikman nan mitan pi gwo pami 67 konte nan Florid la epi li pi gwo pase eta Rhode Island. Konte a limite pa Lake Okeechobee, Everglades ak Oseyan Atlantik, yo tout ofri opòtinite lwazi nan bèl anviwònman natirèl. Pi gwo endistri yo ki nan konte Palm Beach la gen ladan touris, agrikilti ak konstriksyon. Gen apeprè 1.5 milyon moun ki abite nan konte Palm Beach. Mòd de vi rezidan yo varye soti nan zòn ibèn jiska zòn riral yo, ak zòn ki pi peple nan ès la. Anpil minisipalite bay rezidan yo sèvis tankou dlo, ramasaj fatra, lapolis ak ponpye. Nan kèk kominote ak zòn ki pa enkòpore yo, sèvis sa yo ka bay pa gouvènman konte a. Pou konnen si yon adrès pwopriyete se nan yon zòn ki enkòpore oswa ki pa enkòpore, vizite pbcgov.com/districtlocator oswa rele Divizyon Planifikasyon Konte Palm Beach nan 233-5300. GOUVÈNMAN Konstitisyon konte Palm Beach la antre an vigè Nan lane 1985. Vrè règ kay la (True Home Rule) bay Konsèy Komisyonè Konte a (BCC) kapasite pou l kreye, atravè yon pwosedi òdonans odyans piblik lokal, lwa lokal ki pa an konfli oubyen espesifikman entèdi pa lalwa jeneral eta a oubyen konstitisyon leta a. Pwosesis sa a fèt san yo pa ale nan Lejislati Florid pou mande lejislasyon espesyal. Sèt manb BBC yo konstitiye kò lejislatif gouvènman konte Palm Beach la. Komisyonè yo eli pou kat ane pa elektè nan distri kote yap viv la epi yo kapab sèvi pandan de manda sèlman. BCC a chwazi yon Majistra ak vis majistra chak ane. BCC a reyini nan Chanm Memoryal Jane M. Thompson yo nan sizyèm etaj Robert Weisman Palm Beach County Governmental Center, 301 N. Olive Avenue, West Palm Beach 33401. Reyinyon ak atelye BCC yo fèt nan madi maten yo nan 9:30 a.m. Reyinyon yo televize Biwo administratif santral la chita nan pa kab sou chèn televizyon 301 N. Olive Ave., West Palm Beach. gouvènman konte a PBC TV chèn 20, epi yo difize an dirèk tou sou pbcgov.com/CH20 ak 3 rezo sosyal yo. Pou kalandriye reyinyon yo, ale sou pbcgov.com. Piblik la ka ofri komantè a konsèy la lè gen “kesyon piblik la” ki dewoule jeneralman nan apremidi. Nan moman sa rezidan yo ka adrese yo ak konsèy la sou tout kesyon ki gen rapò ak konpetans li. Tout moun ki swete pran lapawòl dwe ranpli yon fich de konsiltasyon piblik. Vizite sit pbcgov.com pou plis enfòmasyon, oswa rele 355-3229. KOMISYON SOU ETIK Misyon Komisyon sou Etik la (COE) se pou ankouraje entegrite nan sèvis piblik yo, pou ankouraje konfyans piblik la, epitou pou anpeche konfli ant enterè prive ak devwa piblik yo. Jiridiksyon li etann sou tout anplwaye ak fonksyonè konte a e minisipal yo ki eli e nome, plis manm Konsèy konsiltatif konte yo tou. COE a analize, entèprete, bay opinyon konsèy epi ranfòse kòd etik konte Palm Beach la, enskripsyon lobiyis ak òdonans pòs-travay. Pou pote yon plent, rele liy dirèk etik la nan 355-1915 (oswa 877-766-5920) oswa itilize Fòm sou Plent Etik sou entènèt la. Vizite palmbeachcountyethics.com/contact_us.htm pou plis enfòmasyon. BIWO ENSPEKTÈ JENERAL Biwo Enspektè Jeneral la (OIG) te kreye sou òdonans konte a pou ankouraje ekonomi, efikasite ak efektivite nan pwogram kontaj ak operasyon konte yo epi pou anpeche ak detekte fwod e abi. Jiridiksyon OIG à etann li sou tout minisipalite nan konte a. Si ou gen rezon pou sispekte fwod piblik, fatra, move jesyon oswa movèz kondwit, rele liy dirèk la nan 877-283-7068. Ou ka rapòte tou fatra, fwod oswa abi sou entènèt nan pbcgov.com/oig/rwfa.htm oswa atravè imel nan inspector@pbcgov.org. Pou plis enfòmasyon, vizite pbcgov.com/oig. FÈ BIZNIS Enfòmasyon anba yo ap pèmèt ou fè yon biznis rapidman. Lisans Biznis Nan Konte Palm Beach, yon lisans komèsyal fè referans ak yon resi taks komès lokal. Pou jwenn enfòmasyon, kontakte Biwo pèseptè taks la nan 355-2264 oswa ale sou pbctax.com. Pèmi Pakin Pou Andikape Pou enfòmasyon sou pèmi pakin enfim yo, kontakte Biwo Pèseptè kontribisyon an nan 355-2264 oswa vizite pbctax.com. Pèmi Kondui/Anrejistreman Veyikil ak Bato Ou kapab jwenn yon lisans pou kondwi nan Florid nan Depatman sekirite ak otomobil otowout nan Florid (DHSMV) oswa nan Biwo Pèseptè taks konte Palm Beach la. Pou fè yon rezèvasyon DHSMV oswa pou konnen lè biwo a fonksyone ak kote li ye, rele 850-617-3000 oswa ale sou flhsmv.gov. Lwa federal REAL ID a etabli nouvo egzijans idantifikasyon pou jwenn yon pèmi kondui oswa kat idantifikasyon. Si lisans ou a gen yon etwal an lò nan kwen anwo a dwat, ou konfòm. Homeland 4 Security egzije tout moun pou yo gen yon REAL ID jiska 7 me 2025 pou yo ka anbake nan yon vòl lokal. Pou w jwenn yon REAL ID, ou dwe vizite yon Biwo Peseptè Taks epi konplete pwosesis la an pèsòn. Pou plis enfòmasyon ak pou pran yon randevou, vizite pbctax.com/driver-license/real-id. Pou enfòmasyon sou pèmi kondui epi anrejistreman e tit machin ak bato, kontakte Biwo Pèseptè taks la nan 355-2264 oswa vizite pbctax.com. Edikasyon Distri Lekòl Konte Palm lan gen ladan lekòl elemantè, pre-segondè, segondè, ak altènatif ki ofri akademi karyè pou lekòl segondè ak pre-akademi pou pre-segondè. Genyen tou pwogram edikasyon pou elèv eksepsyonèl (ESE) pou elèv andikape ak elèv ki gen don ak Anglè pou moun ki pale lòt lang (ESOL). Pou enfòmasyon sou lekòl yo nan zòn ou, rele 434-8000 oswa vizite palmbeachschools.org. Pou enfòmasyon sou vaksinasyon ki nesesè yo ak ki kote pou jwenn yo, rele Pwogram Vaksinasyon Konte Palm Beach Depatman Sante Florid la nan 840-4568 oswa vizite pbchd.com. Pou pran yon randevou pou vaksinasyon, rele Liy Randevou Konte Palm Beach Depatman Sante Florid la nan 625-5180. Pou jwenn yon lis lekòl prive oswa pou enfòmasyon sou lekòl a domisil, rele Biwo Edikasyon Endepandan ak chwa parantal nan ministè edikayon Florid la nan 800-447-1636 oswa vizite floridaschoolchoice.org. Pou jwenn sant Head Start ki pi pre a, rele LSF children ak Head Start Services nan 233-1600, oswa vizite lsfnet.org/children-families/head-start/palmbeach. Yo ofri tou edikasyon pou granmoun nan lekòl piblik yo. Pou lis ki pi resan an, rele Depatman Edikasyon pou Granmoun ak Kominote nan 649-6010. Ou ka vizite pbclearn.org (pou klas plezi ak lwazi), gedyes.com (pou jwenn yon diplòm ekivalans etid segondè), aprendepbc.com (klas pou moun ki pale Panyòl), oswa esolpbc.com (klas Anglè pou granmoun). Konte Palm Beach gen yon kantite kolèj ak inivèsite tankou: • Barry University • Nova Southeastern University • Everglades University • Palm Beach Atlantic University • Florida Atlantic University • Palm Beach State College • Keiser University • South University • Lynn University • Strayer University Swen Sante Distri Swen Sante Konte Palm Beach la ede rezidan ki gen fèb revni yo jwenn kouvèti asirans sante. Pou enfòmasyon, rele 659-1270 (gratis 866-930-0035) oswa vizite hcdpbc.org. Amenajman Peyizaje Konte a ka ede avèk plizyè kalite pwoblèm amenajman peyizaje. Pèmi Pwopriyete Klè ......................................................... 233-2400 (Jesyon Resous Anviwònmantal) 5 Vyolasyon Kòd Peyizaj ...................................................... 233-5500 (Ranfòsman Kòd) Seksyon Peyizaj (pwoblèm/kesyon) .................................. 233-5037 (Dekoupa Teritwa) Òtikilti Rezidansyèl ............................................................ 233-1750 (Ekstansyon Koperatif) Pou jwenn konsèy sou fason pou konsève dlo lè w ap itilize teknik jaden espesyal epi chwazi plant ki apwopriye, rele sèvis asistans telefonik Master Gardener nan 233-1750. Bèt Domestik Chen ak chat ki gen 4 mwa ou plis dwe gen yon etikèt lisans kont raj chak ane ki achte pa entèmedyè Swen ak Kontwòl Bèt (ACC), veterinè lokal yo, oswa nan petdata.com. Tag yo kapab renouvle nan ACC oswa nan petdata.com. Rele 800-738-3463 pou enfòmasyon oswa vizite pbcgov.com/animal. Rezidan ki sou asistans piblik yo ka jwenn vaksinasyon gratis kont raj ak etikèt pou bèt ki esterilize yo. Lè y ap achte yon etikèt pou yon chen ki pa esterilize oswa chat ras Asosyasyon Ameriken Amatè Chat (American Cat Fanciers Association), Pwopriyetè a dakò ke bèt la pa pral itilize pou elvaj san pèmi pou repwodiksyon ke l dwe genyen pou fè sa. Nenpòt pwopriyetè bèt domestik ki elve bèt yo Abri bèt prensipal pou oblije achte yon pèmi repwodiksyon nan ACC. Konte Palm Beach la a Pou enfòmasyon sou pèmi, rele 233-1200. chita nan 7100 Belvedere Road, West Palm Beach. Tout chat yo dwe esterilize nan Konte Palm Beach la a pati laj 4 mwa. Eksepsyon yo se pou chat ras ki te anrejistre nan Asosiyasyon Ameriken Amatè Chat, e si pwopriyetè a gen nan men l yon pèmi de repwodiksyon ki delivre pa Swen ak Kontwol bèt. Konte a ofri sèvis chatre/esterilizasyon ki pa koute chè e/ou gratis. Esterilizasyon bon mache oswa gratis disponib pou chat sovaj yo nan kad pwogram komite Cat Spay/Neuter. Rezidan sou asistans piblik ka jwenn esterilizasyon pou bèt domestik gratis. Pou enfòmasyon, rele 233-1261 oswa vizite pbcgov.com/animal. Swen ak Kontwòl Bèt ofri tou vaksen kont raj ki pa koute chè, pis elektwonik, ak pakè vaksen chak ane pou chen ak chat. Tanpri vizite sit entènèt la pou pri ak detay. Swen Ak kontwòl Bèt gen yon varyete de bèt domestik ki disponib pou adopsyon. Tout chen ak chat ki adopte yo esterilize, pran vaksen e gen pis elektwonik. Tounen yon paran adoptif ede bèt ki an sante yo jwenn adopsyon. Pou enfòmasyon, rele 233-1200 oswa vizite pbcgov.com/snap pou wè imaj yo. Si ou pèdi yon bèt domestik osinon si ou jwenn youn ki te pèdi ou kapab ale sou pbcgov.com/snap. Sit sa pèmèt yon moun ki pèdi yon zannimo domestik pou li ranpli yon fòmilè an liy ki la pou sa e pwofite poste yon foto zannimo a ki pèdi a. Abitan ki jwenn yon chyen oubyen yon chat dwe rapòte sa nan ranpli yon fòmilè an liy. Pou plis enfòmasyon oubyen èd, tanpri rele nan 233-1282. Maltrete bèt se yon krim. Tanpri rapòte nou ka neglijans ak maltretans sou bèt yo nan 233-1200, ekst. 0. Ou kapab bay Crimestoppers yon apèl anonim pou rapòte ka maltretans 6 nan 800-458-TIPS oubyen ou kapab soumèt yon fòmilè an liy sou secure.co.palm-beach.fl.us/PSD.ACC.AnimalCruelty. Sant akèy prensipal la chita kò li nan 7100 Belvedere Road, West Palm Beach 33411. The West County facility chita kò li nan 3615 State Road 715, Pahokee 33476 (924-5657). The West County facility gen jou espesyal li ouvè kote yo bay sèvis chatre bèt. Tanpri rele anvan ou pase wè nou, oubyen ale sou sit entènèt nou an, pbcgov.com/animal pou ka konnen lè nou fonksyone. Transpò Piblik Palm Tran bay sèvis transpò bis ki gen trajè fiks nan Konte Palm Beach. Pou enfòmasyon sou trajè yo rele nan 841-4BUS (4287) oubyen rele gratis nan 877-930-4287. Wap jwenn enfòmasyon tou sou sit entènèt nou an palmtran.org oubyen nan nenpòt bibliyotèk nan Konte a. Pou enfòmasyon sou Palm Tran CONNECTION (sèvis transpò ki adapte pou granmoun ak pou ak andikape), rele nan 649-9838 oubyen rele gratis nan 877-870-9849. Tri-Rail bay sèvis tren nan 3 Konte: Miami Dade, Broward ak Palm Beach epi bay aksè dirèk nan Ayewopò Entènasyonal Miami. Pou kapab jwenn enfòmasyon rele nan 800-TRI-RAIL (800-874-7245) oubyen ale sou tri-rail.com. Bis yo enkli enstalasyon pou bisiklèt epi ka akomode chèz Amtrak gen estasyon tren nan West woulant. Palm Beach ak Delray Beach. Pou enfòmasyon rele nan 800-USA-RAIL (872-7245) oubyen ale sou amtrak.com. Brightline se yon sèvis tren prive ki opere soti Miami rive Orlando, avèk arè entèmedyè ki gen ladan West Palm Beach. Pou enfòmasyon ale sou gobrightline.com. Ayewopò Entènasyonal Palm Beach (PBIA) nan West Palm Beach sèvi liy ayeryen komèsyal ak avyon avyasyon jeneral. Konte a opere tou twa lòt ayewopò avyasyon jeneral ki pi piti ki sitiye nan Lantana, Pahokee ak Palm Beach Gardens kip a sèvis liy ayeryen komèsyal yo. Pou plis enfòmasyon, ale sou pbia.org. Sekirite sosyal Pou enfòmasyon, rele nan 800-772-1213 oswa ale sou ssa.gov. Taks Propriyetè yo peye yon taks konte sou estimasyon pri byen yo posede a. Pou plis enfòmasyon rele Pèseptè Kontribisyon nan 355-2264 oswa Evalyatè Pwopriyete nan 355-3230, oswa vizite pbctax.com ak pbcgov.com/papa, respektivman. Si ou se propriyetè kay nan Florida e kay ou a se prensipal kote ou rete ou kapab dispanse de enpo ou te gen pou peye sou kay sa. Kèk moun ki avanse nan laj kapab benefisye lòt kalite dispans tou. Genyen tou dispans pou moun mari yo oubyen madanm yo mouri ak moun ki gen andikap. Ka sa yo trete nan biwo ekspè imobilye yo ki loje nan batiman administratif ki nan konte an. (W ap jwenn lis biwo sa yo anndan paj kouvèti bwochi sa.) Anplis enpo konte a, propriyetè yo kapab gen pou 7 peye lòt enpo tou minisipalite yo ak/oswa plizyè distri fiskal espesyal enpoze. Si w ap lwe kay ou a, apatman w lan, kay mobil ou an oubyen RV w lan pou si mwa ou mwens, gen yon sis pousan (6%) enpo devlopman touristik pou al peye nan biwo kolektè enpo a. Pou enfòmasyon rele nan 355-3547 oubyen ale sou pbctax.com/tourist-development-tax. Ranmase Fatra/Resiklaj Si w ap viv nan yon minisipalite rele meri a pou enfòmasyon. Si w ap viv nan yon zòn ki pa fè pati okenn minisipalite rele Solid Waste Authority nan 697-2700 (Boca Raton, Delray Beach ak the Glades: 866-792-4636). Si w pa konnen si w ap viv nan yon zòn ki pa fè pati okenn minisipalite rele Planning Division nan nan 233-5300, oubyen ale sou sit entènèt konte a pbcgov.com/districtlocator. Pou enfòmasyon sou kijan pou jwenn sak poubèl yo resikle gratis rele nan 866-NEW-BINS oubyen plase kòmann yo an liy sou swa.org. Sèvis Piblik/Telefòn/TV a kab Kouran nan prèske tout Konte Palm Beach se Florida Power & Light ki pwodwi li (697-8000). Nan Lake Worth, se Lake Worth Utilities ki pwodwi kouran (533-7300). Gen plizyè minisipalite, plizyè sèvis endepandan, the Palm Beach County Water Utilities Department (pbcgov.com/waterutilities, 740-4600) ki founi dlo potab, oubyen ou kapab gen pi pa w. Akòz demann, gen yon kòd rejyonal anplis nan konte a. Kòd rejyonal 728 pral asiyen pou nouvo liy telefòn yo. Kòd rejyonal 561 an p ap chanje pou kliyan aktyèl yo. Tout moun dwe konpoze yon nimewo ki gen 10 chif pou yo ka fè apèl. Youn nan prensipal founisè sèvis televizyon a kab se Xfinity (800-COMCAST or 800-266-2278). Kèk kominote kapab jwenn sèvis kab la nan men lòt founisè. Enskripsyon elektè Pou enskri pou vote rele sipèvizè biwo eleksyon yo nan 656-6200 (Boca Raton, Delray Beach ak the Glades rele 866-868-3321) oubyen ale ou pbcelections.org. Rezidan Florid yo ki se sitwayen Ameriken epi ki gen omwen 18 ane kapab enskri sou entènèt, an pèsòn oswa pa lapòs. Ale sou pbcelections.org pou enfòmasyon sou kote pou vote, vote pa lapòs ak kilè ak kibò pou vòt alavans yo. KONEKTE W Apre ou fin okipe w de biznis ou, ta ka vle konnen plis a pwopo kominote ou a. Paj Stay Connected konte a, pbcgov.com/ stayconnected, gen dènye nouvèl yo, evenman ak mizajou rezo sosyal yo sou konte a ak responsab yo. AlertPBC Resevwa alè sou ijans ak lòt nouvèl kominotè enpòtan lè w enskri pou Pwogram Alèt Ijans nou an. Sistèm nan pèmèt nou ba w enfòmasyon enpòtan byen vit nan yon seri sitiyasyon, tankou move tan, fèmti wout sanzatann, moun ki disparèt ak evakyasyon bilding oswa katye. Ale sou AlertPBC.com pou enskri jodi a. 8 Zafè Konsomatè Depatman afè konsomatè asiste rezidan ak vizitè yo ak konsèy epi enfòmasyon sou move Pratik delwayal, mele ak foub nan zafè biznis ak propriyete e bay tou enfòmasyon sou twonpri. Se depatman an ki regilarize taksi, taksi-bato, limouzin ak antrepriz demenajman ak konpayi remòkaj machin. Depatman zafè konsomatè founi tou badj IDD pou èd swayan a domisil ak divètisman pou granmou. Pou plis enfòmasyon ale sou pbcgov.com/consumer oubyen rele nan 712-6600 (888-852-7362). Anplwa Si w enterese ak anplwa nan Konte Palm Beach, ale sou paj akèy konte a pbcgov.jobs. Pou lis prensipal anplwayè nan konte a rele CareerSource Palm Beach County nan 340-1060 (West Palm Beach) oubyen 829-2040 (Belle Glade), oubyen ale sou careersourcepbc.com. Lwazi/Atraksyon Touristik Pou jwenn yon lis bagay pou fè ak kote pou w vizite, ale sou pbcgov.com, epi klike sou Bagay pou Fè oswa ale sou sitwèb Discover the Palm Beaches Florida nan thepalmbeaches.com. Pou enfòmasyon sou aktivite atistik ak evènman kiltirèl, ale sou sitwèb Konsèy Kiltirèl la nan palmbeachculture.com. Mize Istorik Richard ak Pat Johnson Konte Palm Beach la (ki sitiye nan tribinal istorik la nan 300 North Dixie Highway, West Palm Beach) gratis epi ouvè a piblik la. Pou plis enfòmasyon oswa pou Mize Morikami ak Japonè pran yon randevou pou vizite, ale nan Gardens nan Delray Beach pbchistory.org, oswa rele Sosyete Istorik gen evènman espesyal ak Konte Palm Beach la nan 832-4164. festival. Bibliyotèk Pou jwenn sikisal bibliyotèk konte ki pi pre w la, ale sou sit entènèt pbclibrary.org oubyen rele nan 233-2600 (Boca Raton, Delray Beach ak the Glades: 888-780-4962). Ta dwe genyen tou yon bibliyotèk minisipal nan kominote w la. Lanati/Sit Resif Pou enfòmasyon sou espas natirèl konte a ak resif yo rele Palm Beach County Environmental Resources Management nan 233-2400, oubyen ale sou pbcgov.com/erm. Konte a ap jere twa sant natirèl: Okeeheelee, Green Cay ak Daggerwing. Pou konn anplasman yo rele nan 966-6600 oubyen ale sou pbcgov.com/parks. Genyen tou zòn marekaj ki gen totwa an bwa ki wo ak tonnèl. Wakodahatchee (pbcgov.com/waterutilities) lokalize l nan Delray Beach epi Green Cay (pbcgov.com/parks) lokalize l nan Boynton Beach. Pou avanti ekolojik nan tout zòn nan konte a ale sou sit entènèt Florida Discover the Palm Beaches la thepalmbeaches.com. Gid Sèvis Konte Palm Beach Pou resevwa yon egzanplè repètwa sèvis nou yo gratis ki gen 9 ladann nimewo telefòn, deskripsyon sèvis yo ak sit entènèt yo rele Zafè Piblik nan 355-2754. Gid sa disponib tou sou sit entènèt konte a pbcgov.com/publications. Pak yo/Pisin yo/Plaj yo Pou kapab gen lis ak kat tout plas piblik konte a rele Parks & Recreation nan 966-6600 oubyen ale sou pbcgov.com/parks. Konte Palm Beach jere yon pakèt pwopriyete pak ki gen ladan pisin, plaj, pak dlo, splashparks, sant lwazi, teren tenis ak pickleball, zòn jwèt ki pa gen obstak, anfiteyat, pak pou chen ak teren kanping. Depatman Pak and Rekreyasyon an ofri kan dete Westgate Splashpark nan West Palm Beach, tou. se youn nan teren jwèt entèraktif konte a. Televizyon PBC Chèn 20 Gouvènman Konte Palm Beach la gen pwòp chèn televizyon a kab li. PBC TV Chèn 20 bay pwogram edikatif ak pwogram administrasyon an ak reyinyon manm konsèy nan tèt konte a, kominike ak pwogram ki reyalize nan kominote a. Pou gen aksè ak orè a anliy ale sou pbcgov.com/CH20. Pou resevwa orè a sou fòma nimerik, voye yon imèl bay pbctv@pbcgov.org. Ou ka resevwa orè a tou pa kourye si w rele nan 355-4573. Piblikasyon Pou kapab wè piblikasyon Palm Beach Konte yo anliy, ale sou pbcgov.com/publications. Sèvis Pou Moun Aje ak Veteran Genyen twa sant pou moun aje ke Divizyon Sèvis pou Moun Aje Konte a jere : North County (Palm Beach Gardens, 694-5435), West County (Belle Glade, 996-4808), ak Mid County (Lake Worth, 357-7100). Sant yo ouvè lasemèn soti 8 a.m. pou 5 p.m. Ou pa bezwen manm ni peye anyen. Pou plis enfòmasyon, rele 355-4746 oswa pbcgov.com/SeniorCenters. Opòtinite Volontè Gen divès kalite travay pou volontè yo nan Konte Palm Beach tankou travay ak granmoun aje yo, timoun yo, bèt oubyen lanati. Pou plis enfòmasyon ale sou sit entènèt pbcgov.com/volunteer. Sit Entènèt Ale sou paj akèy sit entènèt konte a pbcgov.com pou gen enfòmasyon sou sèvis nou ofri yo, evenman nou yo, sit touristik, sèvis anliy ak nouvèl. Klike sou Stay Connected pou abone ak Count-e-News, konekte ak paj ofisyèl.konte.a.sou.rezo.sosyal.yo.oubyen.telechaje.aplikasyon. 10 RESTRIKSYON DLO Prensipal sous dlo potab South Florida se dlo ki ale chita kò yo anba tè a ki dlo lapli renouvle a chak fwa. Kantite lapli ki tonbe a kapab varye de yon ane a yon lòt, e mwens lapli vle di ke gen mwens dlo ki ale chita kò yo anba tè a. Se poutèt sa, pandan kondisyon sechrès, li trè enpòtan pou konsève dlo, epi swiv restriksyon itilizasyon-dlo. Distri Jesyon Dlo Sid Florid la sipèvize resous dlo yo nan pati sid eta a. Pou plis enfòmasyon ale sou sfwmd.gov oubyen rele nan 800-432-2045. Pou konsèy sou fason pou konsève dlo rele Division of Family & Consumer Sciences nan 233-1742. SIKLÒN Sezon siklòn nan atlantik la kòmanse 1ye jen pou rive 30 novanm. Pou enfòmasyon sou siklòn ale sou readypbc.com oswa rele Depatman Sekirite Piblik (Department of Public Safety) nan 712-6400. Pou telechaje PBC DART, aplikasyon ofisyèl sou sansibilizasyon ak rekiperasyon apre katastwòf la, sou telefòn ou, ale sou Apple App Store oswa Google Play Store. NIMEWO TELEFÒN ITIL Nòt: Sof kote sa endike, tout nimewo telefòn nan piblikasyon sa twouve yo nan kòd rejyonal 561. Ijans Nimewo ijans (apèl oubyen mesaj) ............................................. 911 Sant Aksyon Jeni ............................................................... 684-4012 FPL blakawout ................................................................... 697-8000 Sant kontwòl pwazon .................................................. 800-222-1222 Ed pou moun aje/nimewo pou kriz .............................................. 211 (866-882-2991 or 383-1112) Sèvis pou viktim 24 sou 24 ......................................... 866-891-7273 Sèvis dlo ijans 24 sou 24 ............................................. 740-4600, #1 Lòt Pwogram devlopman pou jèn 4-H ..................................... 233-1731 Sèvis swen ak kontwòl bèt ................................................ 233-1200 Konte Sid: 276-1344 Konte Lwès: 924-5657 Kwa Wouj Ameriken ........................................................... 833-7711 CareerSource Palm Beach County .................................... 340-1060 Grefye Tribinal Sikwi ak kontwolè ...................................... 355-2996 Kòd Ranfòsman ................................................................. 233-5500 Sèvis kominotè ................................................................... 355-4792 Zafè konsomatè (konte) ..................................................... 712-6600 Asistans pou konsomatè (Florid) ................................ 800-435-7352 Ekstansyon koperativ ......................................................... 233-1700 Sant Enfòmasyon Ijans ...................................................... 712-6400 Jeni ak travo piblik ............................................................. 684-4000 Opòtinite Egal pou Biznis ................................................... 616-6840 FEMA .......................................................................... 800-621-3362 Ponpye (pa ijans) ............................................................... 616-7000 Liy èd konsomatè asirans (Florid) ............................... 877-693-5236 11 Head Start/Early Head Start .............................................. 233-1600 Distri Swen Sante Konte Palm Beach ................................ 642-1000 Depatman lasante .............................................................. 840-4500 Kowalisyon Sanzabri Konte Palm Beach ........................... 355-4663 Sistèm Bibliyotèk (Konte Palm Beach, Bibliyotèk Prensipal) ....................................................................................... 233-2600 Sèvis kontwòl moustik ........................................................ 967-6480 Bank Alimantè Konte Palm Beach .................................... 670-2518 Ayewopò Entènasyonal Palm Beach ................................. 471-7459 Palm Tran ........................................................................... 841-4200 Twou, Wout, Drenaj, Reparasyon Twotwa ......................... 684-4012 Liy dirèk pri eksesif (Florid) ......................................... 866-966-7226 Depatman Zafè Piblik (konte) ............................................ 355-2754 Salvation Army ................................................................... 686-3530 Distri Lekòl Konte Palm Beach la ....................................... 434-8000 Sèvis pou Moun aje ak Veteran (konte) ............................. 355-4746 Cherif (ki pa ijans) .............................................................. 688-3000 Otorite Jesyon Fatra .......................................................... 640-4000 Jesyon Dlo Distri Sid Florid ................................................ 686-8800 Kan Ete (PaK ak Rekreyasyon) ......................................... 966-7054 Sipèvizè Eleksyon ............................................................. 656-6200 Pèseptè Taks .................................................................... 355-2264 Enfòmasyon.sou.Trafik.ak.Wout. ................................................. 511 Move.Fonksyònman.Siyal.Trafik. ....................................... 683-6885 Senkwonizasyon.Siyal.Trafik.ak.Reparasyon.Lanpadè. ..... 684-4030 United Way nan Konte Palm Beach .................................. 375-6600 Depatman Zafè Veteran (federal) ............................... 800-827-1000 Sèvis Adolesan .................................................................. 242-5700 LOPITAL Bethesda Hospital East ................................................... 737-7733 2815 S. Seacrest Boulevard, Boynton Beach Bethesda Hospital West .................................................. 336-7000 9655 W. Boynton Beach Boulevard, Boynton Beach Boca Raton Regional Hospital ........................................ 955-7100 800 Meadows Road, Boca Raton Delray Medical Center ...................................................... 498-4440 5352 Linton Boulevard, Delray Beach Good Samaritan Medical Center ..................................... 655-5511 1309 N. Flagler Drive, West Palm Beach HCA Florida Boynton Emergency ................................... 548-8250 10921 S. Jog Road, Boynton Beach HCA Florida JFK Hospital ................................................ 965-7300 5301 S. Congress Avenue, Atlantis HCA Florida JFK North Hospital ..................................... 842-6141 2201 45th Street, West Palm Beach Jupiter Medical Center ..................................................... 263-2234 1210 S. Old Dixie Highway, Jupiter Lakeside Medical Center .................................................. 996-6571 39200 Hooker Highway, Belle Glade Palm Beach Gardens Medical Center ..............................622-1411 3360 Burns Road, Palm Beach Gardens 12  Palms West Hospital ........................................................ 798-3300 13001 Southern Boulevard, Loxahatchee St. Mary’s Medical Center ................................................ 844-6300 901 45th Street, West Palm Beach Wellington Regional Medical Center .............................. 798-8500 10101 Forest Hill Boulevard, Wellington West Boca Medical Center .............................................. 488-8000 21644 State Road 7, Boca Raton West Palm Beach VA Medical Center ............................. 422-8262 7305 N. Military Trail, West Palm Beach ..................... 800-972-8262 RESOUS POU JWENN AKSÈ Konte Palm Beach devwe pou li satisfè bezwen aksesibilite ou yo. Si ou gen kesyon espesifik oswa preyokipasyon sou aksè nan piblikasyon sa, nou genyen moun ki fòme ki disponib pou ede ou. Kontakte nou dirèkteman nan 355-2754, voye imèl bay pbcaccessibility@pbcgov.org oswa ale sou pbcgov.com/accessibility. Nòt: Sof kote sa endike, tout nimewo telefòn nan piblikasyon sa a twouve yo nan kòd rejyonal 561. Vizite sit entènèt Konte Palm Beach la pbcgov.com pou lyen dirèk nan: Count-e-News (pou lyen dirèk nan) • Depatman konte yo Piblikasyon konte yo • Aktyalite nouvèl • Kalandriye Evènman Travay • Sèvis sou entènèt • Pwogram Televizyon PBC sou demand Chèn televizyon PBC 20 An dirèk • Demann Dosye Piblik Rezo sosyal • Bagay pou fè • Opòtinite volontè  RETE KONEKTE KONEKTE AVÈK NOU! #PBCGOV pbcgov.com Konsèy Komisyonè Konte pou Konte Palm Beach Oktòb 2023 Depatman Zafè Piblik Konte Palm Beach 301 N. Olive Avenue, Suite 1102 West Palm Beach, 33401 561-355-2754